Pri

Asistan AGRIKROS — Gratis

Chat ak Agwo MATHURIN, analiz foto plant, gid kilti, meteyo ak kalkilatè yo gratis pou tout moun ki gen yon kont. Pa gen abònman.

Liv nimerik Akademi — peye yon sèl fwa

Chak liv gen pwòp pri li, an goud (HTG), afiche sou kat liv la nan Akademi an anvan ou achte. Lè gen pri espesyal, pri nòmal la parèt bare. Pou peman ak kat, pri a konvèti an dola ameriken (USD) nan to 131 HTG = 1 USD, minimòm $0.70. Ou peye yon sèl fwa epi ou ka telechaje liv la pou tout tan. Kèk liv gratis.

Don — montan lib

Ou ka sipòte KROS ak yon don ant $1 ak $1000 ak kat, oswa an goud ak MonCash/NatCash.

Tout acha gen garanti 30 jou lajan remèt. Peman ak kat Visa/Mastercard fèt an dola ameriken (USD) atravè Tranzak; MonCash atravè MonCash Connect.